Skip to main content

Poetry: Hypocrisy Blues

Poetry
Hypocrisy Blues
  • Show the following:

    Annotations
    Resources
  • Adjust appearance:

    Font
    Font style
    Color Scheme
    Light
    Dark
    Annotation contrast
    Low
    High
    Margins
  • Search within:
    • Notifications
    • Privacy
  • Project HomeDaniel Simidor: a New York Hatian Revolutionary
  • Projects
  • Learn more about Manifold

Notes

table of contents
This text does not have a table of contents.

Yo leve Oksid Janti an lè

yo tuipe ti Paris

Wi yo level Oksid Janti an lè

yo kase kòd gita ti Paris

E kote Janti ta ye

si ti Paris pat la ou ranmase l?


Tout mi lakay yo

se pòtre Desalin pòtre Tousen

Tout miray tèt yo

se pòtre Desalin pòtre Tousen

E kote peral

Jean-Jacques Dessalines Ambroise?


Lè bay te bon se franse yo te pale

m pat konprann

Lè bay te bon yo te pale franse

pou m pa konprann

Jodi a yap pale kreyòl pwenti

yo di m sou pouvwa. Sak chanje?


La mizè pimpe m lòt bò dlo

vin chèche lavi

La mizè pimpe m lòt bò dlo

vin manje poul mouri

Pankò menm debake, m

voye lakay jete


Lè n ap chante mezanmi

nou pa bezwen kriye

Lè n ap chante mezanmi

sa nou bezwen kriye?

Lè n ap chante mezanmi

sa mou bezwen kriye?

Lè pou n kriye mezanmi

se fete n ap fete o


Daniel Simidor.

Annotate

Next Poetry
Odyans
PreviousNext
Poetry
Powered by Manifold Scholarship. Learn more at
Opens in new tab or windowmanifoldapp.org