Syèl nan Nouyòk pa gen zetwal
Pou moun al pwomennen nan douvan jou
Lalin pòtre tèt gridap
k ap touse nan lafimen
Je tout moun vire lanvè
Tout Nouyòk siti
ap gade tivi
Plis imaj lan klè
Plis tèt mwen retresi
Cho bizniz se gwo biznis
Faktori nan Nouyòk
mem jès la repete
senk mil sèt san swasant fwa
sis jou sou sèt plis ovètaym
Ponnche a dwat ponnche a goch
depi solèl leve jouk solèy leve
Fwèt kach la tounen likou
bitasyon an li menm pa chanje
(E lè you fin pase n nan gildiv
lè yo fin souse san n
lè yo repase n tankou po kann
lè vye kò rapadou n
fin bouyi nan manmit Wall Street--
gade bèl sik blan fen sa a se nou!
lè yo fin evesti dènye kras kouray nou
you krache po vid la
pou l al fè lwanj demokrasi)
Lari Nouyòk chaje tonton makout
Gran nèg bezwen pwoteksyon
Men ou kwè san mil koko makak
ap rive kouvri tout pwen fèb yo
lè jou malè rive?
Daniel Simidor.